JW subtitle extractor

Yo te jwenn fòmasyon pou yo sèvi lòt moun

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou travay di pou n netwaye epi
pran swen Sal Wayòm nou yo.
Lè yon moun vin nan Sal la
pou premye fwa,
nou vle pou li byen wè kote
nou fè reyinyon yo.
Se yon gwo privilèj nou genyen
pou nou repare kay Jewova a.
Men, ou kapab jwenn lòt
byenfè tou lè w patisipe
nan pwogram antretyen ak
mentnans Sal Wayòm nan.
Lè gen katastwòf, souvan,
kongregasyon ki gen yon
bon pwogram mentnans
kapab ede frè ak sè ki nan bezwen
nan zòn yo a pi fasil.
Frè ak sè ki patisipe
nan pwogram antretyen ak
mentnans Sal Wayòm yo
aprann yon seri leson ki enpòtan.
Pa egzanp, yo aprann enpòtans
pou yo travay an sekirite,
yo aprann nouvo fason
pou yo fè kèk travay,
e travay sa yo sanble ak
travay y ap gen pou yo fè
tousuit apre yon katastwòf.
Pa egzanp, monte sou do kay,
ranje yon prela, travay an sekirite,
sèvi ak divès kalite zouti.
Tout sa se yon seri fòmasyon k ap
itil lè vin gen yon katastwòf.
Souvan, yo chwazi volontè
pou travay sekou yo
pami moun ki abitye ede nan
mentnans Sal Wayòm yo.
Poukisa?
Paske yo deja resevwa fòmasyon
sou fason pou yo travay an sekirite
e pou yo fè yon pakèt lòt
travay mentnans.
Isit la nan Mozanbik, te gen
siklòn Jid ki te fè gwo dega.
M panse se yon bon egzanp
ki montre jan sa itil
lè gen frè ki pran fòmasyon
nan LDC.
Paske menm kote a,
yo te itilize kèk frè nan zòn nan
ki te pran fòmasyon sa a.
Kèk ladan yo te travay nan
komite sekou,
gen lòt ki te ede frè ak sè yo jwenn
sa yo bezwen nan moman an,
genyen ki t ap analize sitiyasyon an,
ki t ap bay bonjan enfòmasyon,
e genyen ki t ap sipèvize
travay konstriksyon
oswa reparasyon kay yo.
Franchman, san èd LDC ak èd moun
ki te resevwa fòmasyon yo,
menmsi se pa anpil fòmasyon,
li t ap vrèman difisil pou n ede
frè ak sè yo.
Nou ka wè òganizasyon
Jewova a pa menm
ak kèlkeswa òganizasyon an.
Lè n konpare sitiyasyon
moun yo nan zòn nan
ak sitiyasyon frè n ak sè n yo,
nou wè tout lanmou ak èd frè n
ak sè n yo te resevwa.
Franchman, sa estrawòdinè!
Tank fen sistèm sa a ap pwoche,
frè ak sè nou yo ap bezwen
pi plis èd toujou.
Pwovèb 27:10 montre nou bezwen
yon gwoup frè ak sè ki jwenn
bonjan fòmasyon
e ki byen òganize pou lè
gen katastwòf.
Men sa nou li nan vèsè sa a:
“Yon vwazen ki toupre pi bon
pase yon frè ki byen lwen.”
Se vre, nou ka fè yon frè ki
byen lwen konfyans,
men, li ka pa kapab ede nou tousuit.
Men, yon vwazen ki toupre,
ki jwenn bonjan fòmasyon
e ki dispoze ede nou,
ap ede nou tousuit kèlkeswa
sa k rive a.
Se pa tout moun ki ka patisipe
nan fè netwayaj oswa
fè reparasyon.
Men, gen anpil lòt fason
nou kapab bay èd nou.
Nou ka ankouraje lòt moun,
nou ka demontre ospitalite,
oubyen, nou ka ofri tèt nou
kòm volontè
pou kèlkeswa bezwen
ki genyen an.
Kit ou sèvi kòm volontè nan LDC,
oswa w patisipe nan pwogram
mentnans Sal Wayòm ou an,
ou kapab ede.
Anpil moun ap mande, e petèt,
se yon kesyon w poze tou:
Ki jan m kapab patisipe nan
travay sekou a?
Nou vle nou konnen lè nou patisipe
nan pwogram antretyen ak
mentnans Sal Wayòm nou an,
sa prepare nou pou n kapab
ede frè ak sè nou yo tousuit
apre yon katastwòf.
Bon, si w poko fè sa,
n ap ankouraje w patisipe
nan pwogram mentnans
Sal Wayòm ou an.
Mèsi dèske w dispoze pran fòmasyon
pou w ede lòt moun.
Travay ou fè fè Jewova jwenn glwa
e li pote konsolasyon pou
frè ak sè nou yo.